Logout

Walmart Health ap elaji li nan Florida, Ofri Swen Sante ki Pa Koute Chè epi ki Aksesib pou Kominote Lokal yo

July 22, 2020

1 Min. Read

English

22 jen, 2020
Pa Sean Slovenski, SVP epi Prezidan, Sante ak Byennèt, Walmart U.S.

Walmart gen yon misyon pou li ofri swen sante ki pa koute chè, aksesib pou kominote n ap sèvi yo. Jounen jodia, nou kontan anpil pou nou anonse fanmi yo ki nan Florida ke yo pral gen aksè pa twò lontan ak swen sante sa a lè nou elaji Walmart Health nan eta a lòt ane.

Walmart Health ofri ba pri ki transparan pou sèvis medikal enpòtan yo, kèlkeswa kondisyon asirans sante ou ye. Sa enpòtan anpil pou kominote ki pa gen aksè ak swen medikal pri rezonab, ke nou konnen se yon reyalite ki tris anpil pou anpil moun pou kounye a.

Plizyè kriz konbine sou pandemi COVID-19 la, plizyè milyon Ameriken rantre nan resesyon ekonomik epi pèdi asirans sante ki gen pou rezilta ranfòse frajilite yo nan sistèm swen sante nou yo. Nan Walmart, nou konprann kliyan nou yo gen bezwen nou kounye a la, plis pase toutan. Nou pa gade sa piti menm epi nou angaje nou pou nou ede kliyan nou yo ekonomize lajan pandan y ap viv pi byen - pi an sante.

Nou gen konsyans nou ka fè yon enpak lè n ap amelyore aksè ak kalite swen sante, ak yon pri rezonab epi pratik etandone nou envesti plizyè milyon dola epi enplante Walmart Health nan Florida, ki se dezyèm kote ki gen pi gwo kantite magazen Walmart nan peyi a, epi ki se kote nou te kòmanse ak pwogram preskripsyon jenerik $4 nou an ki gen plis pase dis lane.

Walmart Health Loganville Patient Room

M ap gen plis detay sou biwo Walmart Health Florida yo pa twò lontan, tankou bonjan enfòmasyon klè sou zòn yo, orè ak sèvis yo. Pou kounye a, mwen ka pataje ke nou pral konsantre nou sou zòn Jacksonville la, epi Walmart Heath nan Florida pral apiye sou estrikti ak sèvis ki deja egziste nan Georgia ak Arkansas, ansanm ak lòt biwo nan Illinois.

  • Ba pri, epi ki transparan pou sèvis medikal enpòtan, kèlkeswa kondisyon asirans sante ou ye.
  • Pwofesyonèl medikal ki kalifye yo bay swen, tankou doktè, enfimyè praktisyèn, dantis, konseye ak espesyalis je.
  • Sant gwo teknoloji resan ki ofri swen sante sèvis prensipal konplè ak ijan, laboratwa, radyografi ak analiz, konsèy, sèvis dantè, je ak zòrèy tout bagay nan yon sèl sant.
  • Resous espesyal nan kesyon sante kominotè, edikasyon anliy ak atelye ki nan sant pou fòme kominote a sou sante prevantif ak byennèt.

Kit se ba pri chak jou pou pwodwi alimantè ki fre, epi natirèl yo; Jounen trimestriyèl Byennèt nou yo kote nou te fè plis pase 4,4 milyon tès depistaj sou sante gratis pou Ameriken yo sòti nan lane 2014; epi kounye a Walmart Health, magazen nou yo se yon sant byennèt pou kominote nou sèvi yo nan rejyon Sunshine la ak pi lwen toujou.

#f2f2f2